Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 9:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Sa se yon egzanp pou nou jodi a. Li montre nou tout ofrann ak sakrifis prèt yo t ap ofri bay Bondye pa t ka pirifye konsyans moun ki t ap patisipe nan adorasyon an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Sa se yon siy pou te fè nou konprann davans sa k'ap pase kounyeya. Sa vle di: pou moun k'ap fè sèvis sa yo, nanpwen kado yo ka fè Bondye, nanpwen ofrann bèt yo ka touye bay Bondye ki pou ave konsyans yo devan Bondye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Tabènak sila a se yon imaj pou tan prezan sila a. Selon sa a ni kado ni sakrifis k ap ofri yo pa kapab fè adoratè a vin pafè nan konsyans li,

Gade chapit la Kopi




Ebre 9:9
16 Referans Kwoze  

Men depi sou tan Adan, rive sou tan Moyiz, lanmò ap renye sou tout moun. Adan te mouri paske l te peche lè l pa t obeyi lòd Bondye te pase l. Konsa, menm moun ki pa t fè menm kalite peche ak Adan, yo te gen pou yo mouri tou. Adan sanble ak Kris la ki te gen pou vini apre sa.


Alò, èske sa vle di lalwa pa dakò ak pwomès Bondye te fè yo? Pa ditou! Paske, si lalwa Bondye te bay la te kapab bay moun lavi, se lalwa sa a ki t ap fè moun dwat devan Bondye.


Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche.


Li te kwè Bondye te ka resisite moun ki mouri. Nan yon sans, nan moman lè Bondye te anpeche Abraram touye Izaak la, se kòmsi se resisite Bondye te resisite l.


Se nan mitan lèzòm yo chwazi granprèt yo. Granprèt la la pou ede moun nan sèvis y ap fè pou Bondye. Li la pou ofri ofrann ak sakrifis pou peche yo bay Bondye


Selon lalwa Moyiz la se sèl moun nan fanmi Levi ki gen dwa vin sakrifikatè nan menm liy ak Aawon. Men kòm pa t gen okenn sakrifikatè ki te san fay nan sistèm sa a, te vin gen bezwen pou yon lòt kalite prèt. Konsa, Bondye etabli yon sakrifikatè nan menm liy ak Mèlkisedèk.


Si granprèt nou an te sou latè, li pa t ap ka prèt. Mwen di sa, paske gen prèt deja sou latè k ap ofri don egzakteman jan lalwa mande sa.


Kris te antre Kote ki pi Sen an, men se pa sa lèzòm te fè a. Sa lèzòm te fè a, se te yon reprezantasyon li te ye sèlman. Li te antre nan syèl la epi se la li ye kounye a, nan prezans Bondye, pou l defann koz nou.


Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikris te leve vivan nan lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite