Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 2:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Li parèt klè Jezi pa t vin pou ede zanj, se pou pitit pitit Abraram yo li te vini.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Sa se bagay ki klè: li pat vin pote sekou bay zanj Bondye yo. Jan sa ekri nan Liv la: Li vin pote sekou bay tout moun ras Abraram yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo.

Gade chapit la Kopi




Ebre 2:16
11 Referans Kwoze  

Si w te fè sa Lalwa mande, sikonsizyon w lan ta gen sans. Men si ou vyole Lalwa, se kòm si w pa t janm sikonsi.


Se menm jan an tou, Bondye te fè pwomès li yo pou Abraram ak pou desandan li a. Gade byen, li pa di “pou desandan l yo”. Si se te sa, li ta vle di plis pase yon sèl moun. Kòm l ap pale de yon sèl moun, li di: “ak pou desandan li a”, sa vle di Kris.


Poutèt nou se moun pa Kris, nou se desandans Abraram. Nou se eritye dapre pwomès la.


Wi papa nou sou latè te korije pou yon ti tan. Yo te fè sa yo kwè ki t ap pi bon pou nou. Men Bondye korije nou pou l ka ede nou vin sen menm jan avè l.


Li tou libere tout moun ki te esklav dyab la pandan tout lavi yo, paske yo te pè lanmò.


Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la.


Lèzòm toujou sèvi ak non yon moun ki pi gran pase yo pou yo fè yon pwomès avèk sèman. Sèman an sèvi kòm yon garanti epi li mete fen ak tout diskisyon.


Bondye te chwazi Kris pou travay sa a anvan menm li te kreye lemonn, men se nan dènye tan sa yo li fè Kris parèt devan nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite