Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 13:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Mwen voye salitasyon pou tout lidè yo ak tout pèp Bondye a. Tout kretyen ki soti Itali yo voye salitasyon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Di tout moun k'ap dirije nou yo bonjou ansanm ak tout pèp Bondye a. Tout frè ki nan peyi Itali yo voye bonjou pou nou tout.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Salye tout lidè nou yo ak tout sen yo. Sila an Italie yo salye nou.

Gade chapit la Kopi




Ebre 13:24
14 Referans Kwoze  

Rive l rive Korent, Pòl rankontre ak yon nonm yo te rele Akilas. Akilas sa a te moun yon kote yo te rele Pon, men, limenm ak madanm li Prisil te sanse fèk rive pou rete Korent, ki nan peyi Itali. Yo te kite itali paske anperè Klod te egzije tout Jwif pou yo kite lavil Wòm. Pòl t al vizite Prisil ak Akilas.


Yo te deside fè nou pran bato pou n ale Itali. Yo livre Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye bay yon ofisye women yo rele Jiliyis. Se te yon ofisye ki t ap sèvi nan gwoup espesyal Anperè a te genyen.


Ananyas reponn: “Senyè, m tande deja nan bouch anpil moun kijan nonm sa a fè anpil mal kont pèp ki apa pou ou a nan Jerizalèm.


swiv direktiv moun konsa, ansanm ak tout lòt moun ki pa fatige pou travay avèk yo.


Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.


Se pou gras Jezikris Senyè a, lanmou Bondye, ak kominyon Sentespri a rete avèk nou tout.


Mwen menm Pòl ak Timote, sèvitè Jezikris, nou salye nou tout, pèp ki apa pou Bondye a, ansanm ak tout lòt lidè ak dyak legliz k ap viv nan vil Filip.


Tout pèp Bondye isit la voye salitasyon pou nou, sitou sa yo k ap travay pou anperè Seza.


M ap ekri nou, frè ak sè an Kris mwen yo, nou menm k ap viv nan lavil Kolòs epi k ap sèvi Bondye avèk fidelite. Se pou Bondye Papa nou ban nou gras li ak kè poze.


paske m tande kijan w montre lafwa ou genyen nan Jezi Senyè a, ak lanmou ou montre pou tout pèp Bondye a.


Obeyi lidè nou yo. Fè sa yo mande nou fè. Yo responsab byennèt espirityèl nou. Paske Bondye ap mande yo rann kont pou travay yo fè. Obeyi yo, kon sa yo ka fè travay yo ak kè kontan. Si n pa obeyi, y ap plenyen, epi lè kon sa li p ap nan avantaj nou ditou.


Pa bliye lidè nou yo. Se yo ki te fè n konnen mesaj Bondye a. Sonje jan yo te viv lavi yo ak jan yo te mouri. Imite lafwa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite