Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 11:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Sara pa t ka fè pitit epi Abraram te fin granmoun. Men malgre sa Abraram te gen lafwa nan Bondye. Li te kwè Bondye ap kenbe pwomès li. Konsa, Bondye te ba yo pitit.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Se konfyans nan Bondye ki fè Sara te rive fè pitit, atout li pa te kapab epi li te fin depase laj. Li te sèten Bondye t'ap kenbe pwomès li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la.

Gade chapit la Kopi




Ebre 11:11
10 Referans Kwoze  

Epi fòk mwen di w sa tou, fanmi ou, Elizabèt, ansent kounye a la a. Malgre li fin granmoun, li pral fè yon pitit gason. Yo te di li pa t kapab fè pitit, epoutan gen simwa la a depi li ansent.


Sa vle di: se pa tout pitit natirèl Abraram yo ki pitit Bondye, men se pitit Abraram ki fèt dapre pwomès Bondye te fè a nou ka konsidere kòm desandan Abraram.


Pitit gason Abraram te fè ak esklav la te fèt jan tout moun fèt. Men pitit li fè ak fanm ki te gen libète l la te fèt dapre pwomès Bondye te fè Abraram nan.


An nou kenbe fèm esperyans nou di nou genyen an paske Bondye toujou kenbe pwomès li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite