Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 10:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Pou prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki pa janm kapab efase peche yo.

Gade chapit la Kopi




Ebre 10:11
21 Referans Kwoze  

Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon.


paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo.


Se nan mitan lèzòm yo chwazi granprèt yo. Granprèt la la pou ede moun nan sèvis y ap fè pou Bondye. Li la pou ofri ofrann ak sakrifis pou peche yo bay Bondye


Li pa menm jan ak lòt prèt yo. Li pa bezwen ofri sakrifis chak jou pou peche pa l ak peche pèp la menm jan lòt prèt yo te konn fè sa. Li te ofri yon sakrifis yon fwa pou tout. Epi se tèt li li te ofri kòm sakrifis.


L ap jwe wòl granprèt li nan Kote ki pi Sen an, nan vrè Tabènak ki nan syèl la. Se Bondye menm ki fè sa, se pa lèzòm.


Si granprèt nou an te sou latè, li pa t ap ka prèt. Mwen di sa, paske gen prèt deja sou latè k ap ofri don egzakteman jan lalwa mande sa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite