Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Timote 2:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”. Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Senyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”

Gade chapit la Kopi




2 Timote 2:19
69 Referans Kwoze  

Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib.


Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.


Lè sa a m ap di yo klè: Kote m konnen nou! Rale kò nou sou mwen bann pechè pwofesyonèl.


Lapli tonbe, larivyè desann, gwo van soufle vin frape kay la, men kay la kanpe fèm paske li bati sou karyann.


Yo pote youn ba li epi li di yo: “Foto ak non ki moun ki sou li? Yo reponn li: Seza.”


Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib.


Li menm l a reponn nou: Mwen pa konnen nou. Mwen pa menm konnen ki kote nou soti. Retire nou devan mwen, bann moun k ap fè move zak!


Yo tankou yon moun k ap bati yon kay. Li fouye byen fon epi li chouke fondasyon kay la sou wòch. Lapli tonbe anpil epi gwo dlo frape kay la pou ta pote l ale. Men kay la pa brannen, paske li te byen bati.


Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou.


Pawòl m ap di la a pa konsène tout moun. Mwen konnen kilès mwen chwazi. Men pou Bib la kapab akonpli: Moun k ap manje pen avèk mwen an leve kont mwen.


Nenpòt moun ki aksepte temwanyaj li a, li rekonèt sa Bondye di se verite a.


Lè l jwenn li, li mennen l vin Antyòch. Banabas ak Sòl pase yon ane ansanm nan legliz la. Yo te toujou reyini ak legliz la epi yo te anseye anpil moun. Se nan Antyòch yo te premye rele disip yo kretyen.


Konsa, tout lòt moun yo nan lemonn, tout moun lòt nasyon mwen chwazi pou pote non m yo, yo va deside swiv chemen Bondye. Se Senyè a ki di sa. Se li menm tou ki fè tout bagay sa yo.


Epi l vin isit la nan Damas avèk otorite gran prèt yo ba li pou l mare nenpòt moun ki di l se disip ou.”


Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di:


Lanmou nou gen youn pou lòt pa dwe gen ipokrizi ladan l. Se pou n rayi sa ki mal. Epi rete atache ak sa ki byen.


Men, mwen te toujou vle preche Levanjil sèlman nan zòn ki pa ko konnen Kris. M fè sa, pou m pa bati sou fondasyon lòt moun gentan prepare.


Kris te fè sa tou pou moun ki pa Jwif yo te ka fè lwanj pou Bondye pou gras li anvè yo. Pawòl Bondye di: “Se poutèt sa m va fè fèt pou di w mèsi pami moun lòt nasyon yo; Se poutèt sa m va di w mèsi.”


Nou konnen Bondye ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa.


Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.” Sa fèt konsa, paske plan Bondye, chwa Bondye pa chita sou sa yon moun fè, men li chita sou Bondye li menm.


n ap salye legliz Bondye a nan vil Korent lan. Nou se moun Bondye konsakre nan sèvis Jezikris. Nou se moun Bondye rele pou nou viv yon lavi ki sen menm jan ak tout lòt moun toupatou ki mete konfyans yo nan Senyè a, Senyè yo tankou Senyè pa nou tou.


Men moun ki renmen Bondye se li Bondye konnen.


Zanmi m yo, poutèt nou genyen pwomès sa yo Bondye fè nou, se pou nou netwaye tout sa ki sal kò nou oswa kè nou. Se pou nou fè sa n kapab pou nou vin pi sen chak jou poutèt krentif nou gen pou Bondye.


Men kounye a, nou konnen vrè Bondye a. Ann di pito, se Bondye ki konnen nou. Alò, poukisa nou retounen al obeyi vye fòs san pouvwa san valè, bagay nou te swiv anvan yo? Èske nou vle retounen esklav bagay sa yo ankò?


Nou menm ki kwè, nou tankou yon kay Bondye posede. Kay sa a te bati sou fondasyon apot yo ak pwofèt yo te prepare. Jezikris li menm li se wòch ki pi enpòtan nan kay la.


Se nan li tout fanmi Bondye a ki nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo.


Epi tou, pa fè Sentespri Bondye a tris. Bondye ban nou Sentespri li tankou yon prèv se pou li nou ye vre epi tankou prèv tou l ap kenbe nou an sekirite jouktan jou delivrans lan rive.


poutèt, si m pa ta kapab vini touswit, ou va konnen kijan pou chak moun konpòte l nan fanmi Bondye a, ki vle di Legliz Bondye vivan an. Se Legliz la ki kolòn ak fondasyon ki kenbe epi soutni verite a.


Konsa, se ekonomi y ap fè pou pita, yon trezò ki bèl epi solid, y ap resevwa lavi toutbon vre a.


Abraram t ap tann yon vil ki gen yon fondasyon reyèl. Li t ap tann vil Bondye te fè plan bati epi li te bati a.


Se poutèt sa, frè m yo, pandan n ap tann jou sa a rive, an n fè anpil efò pou n mennen yon lavi ki pwòp epi san repwòch nan je Bondye. Epi tou n ap viv an pè avèk Bondye.


Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo.


Bèt ou wè a, yon tan li te egziste, men li pa egziste ankò. Li gen pou l monte sot nan twou san fon an epi y ap detwi l. Moun k ap viv sou latè va sezi lè yo va wè bèt la, paske gen yon lè l te vivan, li te vin p ap viv ankò, epi li gen pou l vini ankò. Moun sa yo, se moun ki pa t janm gen non yo ekri nan liv lavi a depi mond lan te kòmanse.


Mwen byen konnen ki kote w ap viv. Ou ap viv kote Satan gen twòn li a. Men ou kenbe fèm avè m. Ou toujou kenbe lafwa nan mwen, menm nan tan Antipas, se te yon temwen fidèl pou mwen, yo touye l nan menm zòn ou ye a, zòn kote Satan ap viv la.


Miray vil la te bati sou yon fondasyon ki fèt ak douz wòch. Non douz apot Ti Mouton an te ekri sou douz wòch yo.


Y ap wè l fasafas epi non l ap ekri nan fon yo.


Mwen konnen aksyon w yo. Gade: Mwen mete devan w yon pòt louvri, pa gen pèsòn ki ka fèmen l. Paske ou pa gen anpil puisans, poutan ou kenbe pawòl mwen epi ou pa pè temwanye pou mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite