Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Timote 1:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Se poutèt sa m ap fè w sonje sa: kenbe flam don Bondye ba w la byen limen. Don ou te resevwa lè m te poze men m sou tèt ou a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Se poutèt sa, m'ap mande ou pou kenbe kado Bondye te ba ou lè m te mete men sou tèt ou a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.

Gade chapit la Kopi




2 Timote 1:6
19 Referans Kwoze  

Pa neglije sèvi ak don ou genyen an, don ou te resevwa pa mwayen pwofesi yo, lè ansyen yo te poze men yo sou tèt ou a.


Pa antrave travay Sentespri a.


Zanmi m yo, sa se dezyèm lèt m ap ekri nou. Nan toulede, m ap chache fè n sonje kèk bagay nou konnen deja, pou m kapab ede n reflechi yon fason ki dwat.


Se pou w preche Levanjil epi toujou ensiste, menm si moman an pa favorab. Di moun yo sa yo dwe fè, ekzòte yo, ankouraje yo avèk anpil pasyans, se pou w toujou chache anseye tout moun.


Se poutèt sa m vle fè n toujou sonje bagay sa yo. Se bagay nou konnen deja, nou toujou rete fèm nan verite nou te resevwa a.


Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo epi Sentespri a desann sou yo. Lapoula, yo kòmanse pale an lang epi yo t ap pwofetize tou.


Fè tout moun sonje sa. Devan Bondye, se pou w rekòmande moun yo avèk fòs pou yo pa batay sou yon seri de mo. Sa p ap sèvi anyen, sa ap fin demoli moun k ap koute yo sèlman.


Anseye frè ak sè yo bagay sa yo. Lè sa a, ou ap yon bon sèvitè pou Jezikris. Sa va montre kijan ou vin gen fòs pa mwayen pawòl verite ki chita konfyans nou nan Bondye, ansanm ak bon ansèyman ou ap swiv la.


Li rele dis (10) nan sèvitè l yo, li bay yo chak yon kantite lajan epi li di yo: Fè komès ak kòb sa a jouktan mwen retounen.


Mwen vle ede nou sonje kèk bagay nou konnen deja: Sonje Senyè a te sove pèp li a, lè l te kondui yo soti nan peyi Lejip. Men apre sa, li te detwi tout moun ki pa t kwè yo.


Yo prezante mesye yo devan apot yo. Apot yo lapriyè epi yo mete men sou tèt mesye yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite