Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 7:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Tit vin renmen nou pi plis toujou lè l sonje kijan nou te prèt pou obeyi ak kijan nou te resevwa l avèk respè ak imilite.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Kounyeya, li vin renmen nou plis toujou lè l chonje jan nou tout nou te dispoze obeyi, jan nou te resevwa l avèk krentif sitèlman nou t'ap tranble.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Afeksyon Li anvè nou ap vin plis toujou lè li sonje obeyisans nou tout, jan nou te resevwa li avèk lakrent e avèk tranbleman.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 7:15
23 Referans Kwoze  

Lè yon fanm ap akouche, li nan soufrans, paske lè l rive. Men lè l fin akouche, li pa sonje soufrans la ankò, kè l kontan nèt, paske li fè yon pitit gason.


Lè sa a, chèf prizon an mande pou yo vini ak yon chandèl. Li kouri nan kacho a, ap tranble tankou fèy bwa, tèlman l te pè. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas.


Lè m te vini lakay nou, mwen te fèb, mwen te menm ap tranble tèlman m te pè.


Mwen ekri nou pou m k konnen si nou pare pou n obeyi nan tout bagay.


Wi, plas ou toujou nan kè nou. Se ou menm ki sanble ou pa gen plas nan kè w pou nou.


Nou menm esklav yo, obeyi mèt nou genyen sou latè yo ak anpil respè. Fè sa ak tout kè nou, menm jan nou obeyi Kris la.


Se sèl Bondye ki konnen kijan m anvi wè nou. Mwen renmen nou tout ak lanmou Jezikris la.


Zanmi m yo, nou toujou obeyi m nan sa m di nou lè mwen avèk nou. Kounye a mwen pa la, li pi enpòtan ankò pou nou fè sa m mande nou fè. Kontinye viv yon fason ki montre nou se moun sove vre. Fè sa ak anpil respè ak krentif pou Bondye.


Bondye chwazi nou pou l fè nou tounen yon pèp ki apa pou li. Li renmen nou. Poutèt sa, men kijan lavi nou dwe ye: Nou dwe abiye nou ak konpasyon pou pwochen nou. Nou dwe gen jantiyès ak moun, nou dwe gen imilite, nou dwe aji byen youn ak lòt ak pasyans.


Si gen yon moun pami nou ki pa vle fè sa nou di yo nan lèt sa a, fè dosye pou li epi koupe relasyon ak li pou l ka vin wont.


Nenpòt moun ki genyen richès mond lan epi ki wè frè l oubyen sè li nan bezwen san kè l pa touche, kijan yon moun kon sa kapab di lanmou Bondye rete nan li?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite