Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 3:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Èske nou dwe kòmanse ap di bèl bagay pou fè moun wè nou? Oubyen èske nou bezwen lèt rekòmandasyon menm jan ak kèk lòt moun pou nou vin lakay ou, oswa lè n ap kite lakay ou?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Eske sa vle di m'ap konmanse fè lwanj tèt mwen ankò? Osinon, eske mwen ta bezwen yon lèt rekòmandasyon pou nou tankou kèk lòt ki pòte lèt rekòmandasyon ban nou? Ou ankò eske se pou m ta mande nou pòte yon lèt konsa ban mwen?

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Èske n ap kòmanse bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm?

Gade chapit la Kopi




2 Korent 3:1
13 Referans Kwoze  

Kòm li te vle pase nan Akayi, kwayan Efèz yo te ede li. Yo ekri yon lèt voye bay kwayan Akayi yo pou mande yo aksepte Apolòs lè l rive. Lè l rive Akayi, Apolòs pa t manke itil sila yo ki te aksepte Kris pa mwayen gras Bondye.


M rekòmande nou sè Febe. Li se yon dyakonès nan legliz ki nan lavil Sankre.


Fè menm jan avè m. Mwen fè sa m kapab pou m fè tout moun plezi nan tout bagay. Mwen pa chache enterè m. Mwen chache enterè lòt yo pou yo kapab sove.


Lè m vini, m ap voye don nou yo Jerizalèm. Se nou menm k ap chwazi moun ki pou pote l. M ap ba yo lèt rekòmandasyon.


Mwen itilize don Bondye ban mwen, mwen poze fondasyon an tankou yon bon kontremèt. Epi yon lòt moun vin bati sou fondasyon an. Men tout moun bezwen veye sou kijan y ap bati sou fondasyon an.


Menmsi nou ta gen dimil pwofesè nan Kris, se yon sèl papa nou genyen. Mwen tounen papa pou nou, lè m te pote Levanjil la ba nou.


Nou pa oze mete nou nan menm nivo oswa konpare tèt nou ak moun sa yo ki panse yo tèlman enpòtan. Yo etabli pwòp mezi yo pou mezire pwòp tèt yo, epi yo konpare tèt yo ak pwòp tèt yo. Ala egare!


Lè yon moun ap vante tèt li di l bon, sa pa vo anyen. Sa k konte, se sa Bondye li menm, li di sou yon moun.


Menmsi li ta sanble mwen egzajere nan jan m fyè a, mwen pa wont. Paske, Senyè a ban m otorite pou m konstui, li pa ban m otorite pou m detwi.


Mwen t ap pale tankou moun fou. Se nou ki lakoz sa. Se nou menm ki ta dwe ap vante kalite m. Mwen pa vo anyen non, men gran apot nou yo pa vo plis pase m non.


Mwen espere ou pa panse se tèt nou n ap chache defann devan w. Non, nou di tout bagay sa yo antan sèvitè Kris la ak Bondye kòm temwen nou. Se zanmi w nou ye. Donk, tout sa nou di, se pou ede w grandi.


Gen yon bagay ki sèten, nou pa fè pati moun k ap vann pawòl Bondye a pou fè pwofi. Avèk èd Kris la, nou prezante mesaj la avèk senserite, paske nou konnen nou gen pou n rann li kont.


Nou p ap chache vante tèt nou ankò. Men n ap di w tout sa pou nou ka ba w yon okazyon pou santi w fyè de nou. Konsa ou ap gen yon repons solid pou moun ki kwè anpil nan aparans. Sa k nan kè yon moun pa enterese yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite