Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 2:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Konsa, mwen te deside mwen p ap vizite nou ankò, poutèt se tristès m ap pote pou nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Se konsa, mwen pran desizyon pou m pa vin lakay nou pou m pa fè nou lapenn ankò.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Men mwen te deside sa pou koz pa mwen, pou mwen pa ta vin kote nou menm nan tristès ankò.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 2:1
13 Referans Kwoze  

Konsa, kwayan nan legliz Antyòch yo te deside chak moun t ap bay sa yo kapab pou ede frè ak sè nan Kris yo ki t ap viv nan rejyon Jide a.


Pòl ak Banabas pa t dakò ak ansèyman mesye yo ditou. Sa te lakoz gwo diskisyon. Konsa, frè yo nan vil Antyòch deside voye Pòl ak Banabas, ansanm ak kèk lòt moun, ale Jerizalèm pou diskite kesyon an ansanm avèk apot yo ak lidè yo.


Banabas te vle pou Jan, jenn nonm yo abitye rele Mak la, akonpanye yo nan vwayaj la.


Mwen te pito deside lè m te lakay nou pou m te bliye tout lòt bagay eksepte Jezikris ak lanmò li sou lakwa.


Ki sa n pito? Mache ak yon fwèt lè m ap vini oubyen vini ak dousè epi amou?


Pou mwen men, m pa ka la avèk nou an pèsòn. Men menm nan Sentespri a, mwen deja jije moun ki fè kalite aksyon sa a, kòmsi m te la an pèsòn.


Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou.


Mwen ekri nou tout bagay sa yo depi anvan m vini. Konsa, lè m vini mwen p ap bezwen sèvi ak otorite m pou bay moun pinisyon. Otorite Senyè a ban mwen, se pou m konstwi, se pa pou m detwi.


Wi, mwen te gen anpil dlo nan je m lè m t ap ekri lèt m te voye anvan an. Kè m te tris. Mwen te gen anpil enkyetid, men mwen pa t janm gen nan tèt mwen pou m fè nou lapenn, mwen te plis vle fè nou konnen kijan mwen renmen nou.


M ap voye Atemas oubyen Tichik ba ou. Lè nenpòt nan yo rive, fè tout sa w kapab pou w vin jwenn mwen nan Nikopolis. Mwen deside se la m ap pase livè a lane sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite