Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 10:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Se vre n ap viv nan mond la, men nou pa mennen batay nou menm jan lemonn.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 M'ap viv kounyeya nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa fè lagè selon lachè,

Gade chapit la Kopi




2 Korent 10:3
11 Referans Kwoze  

Nan tan pase, nou te anba pouvwa feblès lachè, paske Lalwa te fè nou anvi fè sa ki mal. Dezi peche te kontwole kò nou. Poutèt sa, nou t ap poze aksyon ki mennen nou nan lanmò.


Si nou pase lavi nou ap fè sa feblès lachè vle, n ap mouri nan vi espirityèl nou. Men si n kite Sentespri a ede n fini ak move bagay lachè yo, n ap genyen vrè lavi a.


Bondye fè sa pou n ka viv dapre sa Lalwa mande. Kounye a, nou p ap mache selon feblès nou. N ap mache dapre Sentespri a.


Èske nou panse mwen te fè plan sa yo menm jan ak lemonn? Oubyen, èske nou panse mwen fè yon plan mètdam, m ap di wi epi non an menm tan?


Nou pa sèvi ak zam lèzòm fè. Puisans zam nou yo soti nan Bondye, epi y ap detwi tout kote lènmi an genyen pou fè l kwè li an sekirite. N ap detwi move rezònman lèzòm ap fè,


Konsa, nou wè m ap viv, men se pa mwen k ap viv, se Kris k ap viv nan mwen. M ap viv nan kò a, se paske pitit Bondye a renmen m, li bay lavi l pou mwen epi mwen mete konfyans mwen nan li.


Se sa m ap mande w fè, Timote, pitit mwen, dapre pwofesi ki te fèt sou ou yo. Mwen vle w sonje yo, pou toujou kenbe fèm nan batay w ap mennen pou sa ki byen.


Mwen te mennen yon bon konba, mwen fini kouri nan kous la, mwen sèvi Senyè a fidèlman.


Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite