Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Jan 1:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Mwen te kontan anpil dèske m te resevwa nouvèl kèk nan pitit ou yo k ap mache nan chemen an, jan Papa a te pase lòd pou sa fèt la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Mwen pat manke kontan lè m wè te gen de twa nan pitit ou yo k'ap mache nan verite a, jan Papa a mande nou sa.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.

Gade chapit la Kopi




2 Jan 1:4
12 Referans Kwoze  

Lanmou pa janm kontan lè gen enjistis, men li toujou kontan lè verite a parèt aklè.


Lè m te wè yo pa t ap mache dwat dapre verite mesaj Levanjil la, mwen te di Pyè devan tout moun: si ou menm ki Juif, ou ap konpòte w tankou yon moun ki pa Juif, pase pou w ta konpòte w tankou yon Juif, kijan ou fè ap eseye fòse moun ki pa Juif yo pou yo viv tankou Juif?


An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.


Anvan nou te kwè nan Kris la, nou te nan fènwa. Men kounye a, nou se yon sous limyè nan Senyè a. Konsa, nou fèt pou n mennen bak nou tankou moun ki nan limyè a vre.


Mwen senti m kontan anpil nan Senyè a, paske nou te montre kijan nou renmen m yon lòt fwa ankò. Nou te toujou renmen m, men nou pa t gen mwayen pou nou montre sa.


Si nou di n ap viv nan Bondye, nou dwe viv jan Jezi te viv.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite