Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Pyè 2:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Jezi, Senyè a, se wòch vivan an. Lemonn voye l jete, men se li menm Bondye chwazi kòm wòch ki gen plis valè a. Se poutèt sa, vin jwenn li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Pwoche vin jwenn Senyè a, li menm ki wòch vivan an. Moun te voye li jete paske pou yo li te san valè. Men, li gen anpil valè pou Bondye ki te chwazi li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.

Gade chapit la Kopi




1 Pyè 2:4
31 Referans Kwoze  

Vin jwenn mwen ou menm ki santi w fatige anba fado ki twò lou pou pote, m ap ba ou repo.


“Men sèvitè mwen an, moun mwen chwazi a, moun mwen renmen anpil la, moun ki fè kè m kontan anpil la. M ap ranpli l ak Sentespri m. Se li k ap tabli jistis nan mitan pèp yo.


Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la. Se Bondye ki te fè sa! Se yon mèvèy pou nou wè sa!


Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan.


Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen.


Menm jan lavi se nan Papa a li soti, kon sa tou, Papa a bay Pitit la pouvwa pou l bay lavi.


Men, nou derefize vini jwenn mwen pou m ta ban nou lavi etènèl.


Sa se pwoblèm pa nou, men se pa pwoblèm pa m. Tout sa Papa a te pwomèt mwen ap vin jwenn mwen. E mwen p ap janm rejte youn nan yo.


Bondye Papa a te voye m. L ap viv, epi mwen menm m ap viv tou, poutèt li menm. Konsa, nenpòt moun ki pran tan l ak plezi l pou l manje mwen, l ap viv poutèt mwen menm.


Men sa m vle di, poutèt lè nou te lènmi Bondye, li menm li te rekonsilye nou avè l pa mwayen lanmò Pitit li a, se yon rezon anplis pou nou gen garanti l ap sove nou pa mwayen lavi Pitit li a tou.


Fondasyon an poze deja. Se Jezi ki fondasyon an. Pèsonn pa ka poze yon lòt fondasyon.


Kris se lavi nou kounye a. Lè Kris retounen, n ap parèt ansanm avèk li, epi n ap patisipe nan glwa li.


Men, se ak san Jezikris Bondye te rachte nou. Li menm ki te sakrifye tèt li tankou yon Ti Mouton san tach epi san defo.


Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se kon sa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen.


Wòch sa a pote anpil onè pou nou menm ki kwè. Men pou moun ki pa kwè yo: “Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.”


Mwen se Simon Pyè, sèvitè ak apot Jezikris k ap salye nou. M ap ekri pou nou tout ki te resevwa yon lafwa ki te ban nou menm benediksyon nou genyen yo. Nou te jwenn lafwa sa a, paske Bondye ansanm ak Sovè nou Jezikris toujou fè sa ki jis epi ki san defo.


Konsa, Bondye fè n anpil gwo pwomès ki gen anpil valè. Pwomès sa yo ede n kite tout vye kòripsyon ki nan lemonn, pou n vin patisipe nan nati Bondye li menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite