1 Korent 9:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil12 Si lòt moun gen dwa pou jwenn nou sipòte yo, nou gen plis dwa toujou pase yo. Men nou pa sèvi avè l. Okontrè, nou fè sa nou kapab pou nou pa tounen yon chay pou ou, paske nou pa vle tounen yon obstak pou levanjil Kris la. Gade chapit la1998 Haïtienne12 Si lòt moun gendwa sa a sou nou, eske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pat pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n pa antrave mach bòn nouvèl ki pale sou Kris la. Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis? Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la. Gade chapit la |