Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 9:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Kòm nou byen konnen deja, mwen lib pou m fè sa m vle, pa vre? Mwen se yon apot. Mwen wè Jezi Senyè nou an ak de je m. Nou se fwi travay mwen nan Senyè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Eske m pa lib? Eske m pa yon apòt? Eske m pat wè Jezikri, Senyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Senyè a nou ye?

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Èske mwen pa lib? Èske mwen pa yon apòt? Èske mwen pa wè Jésus, Senyè nou an? Èske nou se pa zèv mwen nan Senyè a?

Gade chapit la Kopi




1 Korent 9:1
37 Referans Kwoze  

Pandan mesye sa yo te reyini pou fè sèvis pou Senyè a, yo t ap fè jèn, Sentespri a di yo: “Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen pou travay mwen rele yo pou yo fè a.”


Men, lè apot yo, Banabas ak Pòl, vin konprann sa foul la t ap chache fè a, yo chire rad sou yo. Yo kouri nan mitan foul la, yo leve vwa yo, yo di:


Sa te fè vil la te vin gen de kan ladan l. Yon gwoup te dakò mache nan lojik Jwif yo, lòt gwoup la menm te patizan apot yo.


Nan lannuit jou sa a, Pòl wè Jezi Senyè a ki parèt devan l epi li di l: “Pran kouray! Paske menm jan ou rann temwanyaj pou mwen isit Jerizalèm, se kon sa ou gen pou rann temwanyaj pou mwen tou, nan lavil Wòm.”


Men, Senyè a di Ananyas: “Al fè sa m di w la, paske nonm sa a se yon enstriman mwen chwazi pou rann temwanyaj pou mwen devan payen yo, devan wa yo ak tout pèp Izrayèl la.


Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou Sòl, epi li di: “Sòl, frè mwen, Senyè a voye m pou ou kapab wè ankò epi pou ou ka ranpli ak Sentespri a. M ap pale de Jezikris, sila a ki te parèt devan w sou wout ou te pran pou mennen w isit la.”


Pandan Sòl te sou wout la, li te prèske rive Damas, lè yon gwo limyè soti nan syèl la flache Sòl.


Pòl di: “Kilès ou ye, Senyè?” Epi vwa a reponn: “Mwen se Jezi ou ap pèsekite a.


Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikris, k ap salye nou. Bondye te chwazi m pou m vin Apot epi li ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl li a.


Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikris. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris.


M ap di nou sa, nou menm moun ki pa soti nan ras Jwif yo: Mwen se moun Bondye voye pale avè nou. M bay travay sa a anpil enpòtans.


Mwen menm Pòl, apot Jezikris, paske Bondye limenm deside chwazi m, ansanm ak frè nou Sostèn,


Mwen p ap pale de relasyon pa w ak Bondye, men m ap pale de relasyon moun ki bay enfòmasyon an ak Bondye. Pouki m relasyon ak yon lòt moun dwe sèvi limit pou libète m?


Si m di Bondye mèsi pou yon manje m ap manje, pouki pou m resevwa kritik pou menm manje sa a?


Si yon moun vle kontinye pale anpil sou kesyon sa, kite m tou di l: ni nou menm ni legliz Bondye yo pa gen abitid sa a.


Mwen te plante grenn nan, Apolòs te wouze l, men se Bondye ki fè plant la grandi.


Mwen lib! Mwen pa esklav pèsòn! Poutan, mwen konpòte tèt mwen tankou esklav tout moun. Mwen fè l pou m ka ede sove pi plis moun posib.


Gade prèv ki devan w yo! Si yon moun gen konviksyon li se moun Kris la, lè l byen reflechi, l ap wè nou menm tou, nou se moun Kris la.


Poutan, mwen pa kwè okenn espès gran apot nou yo gen valè pase m.


Nou menm k ap travay ak Bondye, n ap priye w angras, pa gaspiye don ou te resevwa nan men Bondye.


Se mwen menm Apot Pòl k ap salye nou. Se pa ni yon gwoup moun, ni yon moun an patikilye ki banm otorite m kòm apot, men se Jezikris ak Bondye Papa a ki te resisite Kris la.


Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò.


Nou pa t janm chache pou okenn moun fè lwanj pou nou. Nou pa t chache nan bouch ou. Nou pa t chache l nan bouch lòt moun.


Se poutèt temwanyaj sa a, Bondye chwazi m pou fè m yon predikatè, yon apot. Li ban m responsablite pou m anseye moun ki pa Jwif yo sa yo dwe kwè, pou m di yo verite a. Se pa manti m ap bay, sa m ap di a, se verite a.


Bondye ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl sa a kòm yon apot, epi kòm yon pwofesè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite