1 Korent 7:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil21 Èske w te esklav lè Bondye te rele w? Pa ba tèt ou pwoblèm. Men si ou jwenn okazyon pou vin lib, pwofite opòtinite a. Gade chapit la1998 Haïtienne21 Si ou te esklav lè Bondye te rele ou la, pa bay tèt ou pwoblèm pou sa. Okontrè tandiske ou ta ka vin lib, chache viv kondisyon esklav ou a pou byen pwofite. Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen21 Èske nou te resevwa apèl la pandan nou te esklav? Pa enkyete nou pou sa, men si nou kapab osi vin lib, pito nou fè l. Gade chapit la |
Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit. Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout.