1 Korent 6:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil2 Kòman nou fè pa konnen moun ki apa pou Bondye yo gen pou jije lemonn antye? Kòman fè yo gwo travay kon sa ap tann nou epi pou pa ka regle ti bagay sa yo? Gade chapit la1998 Haïtienne2 Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa? Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo? Gade chapit la |
Apre sa, m wè plizyè twòn. Moun ki te chita sou yo te resevwa pouvwa pou jije. M wè moun yo te touye yo tou. Men rezon ki fè yo te touye yo: Yo te temwen Jezi epi yo t ap preche mesaj Bondye te ba yo. Yo pa t adore ni bèt la ni estati bèt la. Yo pa t pran mak li a ni sou fon yo, ni sou men yo. Yo menm, yo resisite epi y ap dirije ansanm ak Kris la pandan mil (1,000) an.