Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 5:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12-13 M pa la pou m jije moun ki pa kwayan an Kris. Bondye Li menm ak regle sa. Men nou, nou dwe jije moun ki nan menm gwoup ak nou. Dayè Bib la di: “Fè mechan an retire kò l kite gwoup nou an!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12-13 Zafè moun deyò pa gade m, mwen pa gendwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo. Men, eske se pa devwa nou pou n jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n yo? Tankou yo di l nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?

Gade chapit la Kopi




1 Korent 5:12
8 Referans Kwoze  

Li di yo: “Se nou menm sèl Bondye bay posibilite pou konprann sekrè wayòm Bondye a, men moun deyò yo m ap di yo tout bagay avèk istwa pou fè yo reflechi.


Men, Jezi reponn li: “Ki moun ki mete m jij osinon abit pou m jije bagay kon sa ant ou menm ak frè w?”


Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.”


Lè nou ansanm ak moun ki pa gen lafwa yo, se pou nou aji ak sajès, se pou n pase tan nou nan fè sa ki byen.


Lè ou fè sa, moun deyò yo va respekte w poutèt fason ou viv. Ou p ap bezwen depann sou lòt moun pou ka viv.


Fòk moun ki pa kretyen yo bay bon temwanyaj pou li. Lè sa a, pèsòn p ap pale l mal epi konsa, li p ap tonbe nan pyèj satan mete pou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite