Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 16:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Kanta Apolòs, frè nou an, malgre tout ankourajman mwen eseye ba li pou l ta vizite nou ansanm ak lòt frè yo, li prefere pa fè l pou kounye a. L ap tann yon lòt opòtinite.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Kanta frè Apolòs, mwen pat manke ankouraje l pou l te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa kounyeya. Enben, l'a fè vwayaj la lè l'a kapab.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Men konsènan Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 16:12
12 Referans Kwoze  

Men, pral gen yon bèl okazyon pou Ewodyas aji nan jou fèt nesans Ewòd la. Ewòd fè yon gwo fèt lamanjay pou tout gwo chèf ki nan gouvènman l lan, pou lame a ak pou tout moun enpòtan nan Galile.


Te gen yon Jwif ki te rele Apolòs ki te rive nan Efèz. Apolòs sa a te fèt nan vil Aleksandri. Se te yon gwo oratè ki te aprann pale byen epi li te konn Bib li byen tou.


Pandan Apolòs te Korent, Pòl menm t ap vizite yon bann kote pandan l sou wout pou l desann Efèz. Lè l rive Efèz, li rankontre ak kèk lòt moun ki kwè nan Jezikris.


Men, lè Pòl kòmanse pale sou jan moun dwe viv yon fason ki konfòm ak volonte Bondye, jan moun dwe kontwole pwòp tèt yo, ak jou jijman ki gen pou vini an, Feliks vin pè, li di: “Oke, kounye a ou mèt ale. Lè m a gen tan, m a rele w ankò.”


Mwen tande gen moun k ap di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se ak Apolòs m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se Pyè m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen se Kris m ap swiv!”


Kit se te Pòl, kit se te Apolòs oswa Pyè, lemonn, lavi oswa lanmò, bagay ki la jodi a oswa sa k gen pou vini; tout pou nou deja.


Ofon, kisa Apolòs ye? Ki sa Pòl ye? Nou se sèlman sèvitè Bondye sèvi kòm kanal pou ede w kwè nan Bondye. Nou chak ap fè senpleman fè travay Bondye ba nou pou nou fè.


Fè sa w kapab pou ou byen ede Zenas, se yon avoka li ye, ansanm ak Apolòs. Pa kite yo manke anyen pou vwayaj yo.


Men, lè Bondye, Sovè nou an, te fè parèt aklè pou nou bonte l ak lanmou l pou tout moun,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite