Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 14:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Montre lanmou pou lòt yo dwe pi gwo bi pou lavi nou. Li bon tou pou nou chache don espirityèl yo ak tout kè nou, espesyalman don pwofesi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesay ki sòti nan Bondye yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pouswiv lanmou, men dezire ak tout kè nou, don Lespri yo, sitou don pou nou kapab pwofetize a.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 14:1
29 Referans Kwoze  

Men, don nou genyen yo diferan. Yo soti nan gras Bondye. Si yon moun gen don pwofesi, se pou l sèvi avè l selon lafwa li.


An n travay ansanm pou ka gen lapè nan mitan youn lòt, epi an n poze aksyon ki ka fè nou grandi pou n vin pi solid nan lafwa nou.


“Ki sa pou nou konprann nan sa? Èske Bondye deklare moun ki pa Jwif yo jis menm si yo pa t ap fè efò pou sa?” Wi. Yo benefisye jistis Bondye ki soti nan fidelite Jezikris.


Kounye a, frè m ak sè m yo, nou te poze m kesyon sou don Sentespri a bay, mwen pa ta renmen nou konprann sa mal.


Chèche ak tout kè nou don ki pi enpòtan yo. Kounye a, mwen pral lonje dwèt montre nou yon chemen ki pi bon pase tout lòt chemen.


Konsa, gen twa bagay ki pèmanan: lafwa, lesperans ak lanmou. Men menm pami twa a se lanmou ki pi gran.


Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen.


Konsa, nou wè aklè pale an lang se yon siy pou moun ki pa kwè, men li pa siy pou moun ki kwè. Poutan pwofesi pote benefis pou moun ki kwè, li pa pou moun ki pa kwè.


Si ou panse ou se yon pwofèt oswa ou gen yon don espirityèl, ou ta dwe konprann sa m ekri la a se kòmandman Senyè a.


Konsa, frè ak sè m, se pou pwofesi tounen youn nan pi gwo dezi nou. Pa anpeche lòt moun sèvi ak don yo genyen pou pale diferan lang.


Se pou lanmou anvayi tout sa n ap fè.


Louwanj pou Bondye ansanm ak Papa Jezikris, Senyè nou an. Nan Jezikris, Bondye ban nou tout kalite benediksyon espirityèl anwo nan syèl la.


Pa meprize moun k ap di sa Bondye ba yo pou yo di.


Pa neglije sèvi ak don ou genyen an, don ou te resevwa pa mwayen pwofesi yo, lè ansyen yo te poze men yo sou tèt ou a.


Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa, li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.


Men ou menm, ou se moun Bondye. Konsa, ou dwe kanpe lwen tout bagay sa yo. Ou dwe toujou chache fè sa ki byen, bagay k ap fè lwanj pou Bondye, chache lafwa, lanmou, pasyans ak dousè.


Kanpe lwen yon seri de move bagay jenn moun tankou w yo konn vle fè. Toujou chache fè sa ki dwat, chache gen lafwa, lanmou ak lapè avèk moun k ap priye Senyè a ak kè yo pwòp.


Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye.


mete jantiyès pou frè ak sè an Kris yo sou devouman nou pou Bondye; epi mete lanmou sou jantiyès nou pou frè ak sè an Kris yo.


Zanmi m, pa imite sa ki mal. Imite sa ki bon. Nenpòt moun ki fè sa ki byen se pitit Bondye li ye. Men moun k ap fè sa ki mal pa t janm konnen Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite