Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 12:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Bondye aji nan lavi moun nan diferan fason. Men se menm Bondye a k ap travay nan lavi nou tout epi k ap fè tout bagay.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 12:6
12 Referans Kwoze  

Men li di yo: “Papa m pa janm sispann travay, se kon sa mwen menm tou m ap travay.”


Se menm Sentespri a ki akonpli tout bagay sa yo. Se li menm pou kont li ki deside kisa l ap bay chak moun.


Gen diferan fason pou rann sèvis, men se menm Senyè a nou tout ap sèvi.


Lè Kris la fin pran kontwòl tout bagay, Pitit la li menm ap anba kontwòl sila a ki te mete tout bagay anba kontwòl li a. Lè sa a Bondye ap sèl chèf sou tout bagay.


Moun ki plante pa anyen. Moun ki wouze a pa anyen nonplis. Se Bondye ki enpòtan paske se li ki fè plant la grandi.


Gen yon sèl Bondye ki papa nou tout epi k ap renye sou nou tout. Li aji nan lavi nou tout, li nan nou tout.


Paske se Bondye ki travay nan nou pou fè nou gen volonte epi se li menm ki fè sa li vle nou fè nan nou.


Pou m ka rive fè sa, m travay di, epi m sèvi ak fòs Jezikris ban mwen an. E se fòs sa a k ap travay nan mwen.


Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit. Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite