Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 1:29 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Konsa pyès moun pa ka vante tèt yo nan prezans Bondye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 1:29
11 Referans Kwoze  

M fyè pou travay m fè pou Bondye paske m se moun Jezikris.


Nou konnen sa Lalwa di se pou moun ki anba Lalwa. Sa fè pèsòn pa gen eskiz, lemonn antye anba jijman Bondye.


Konsa, pou noumenm Jwif, kisa ki rete pou fè fyète nou? Anyen. Bondye fèmen pòt tout fyète pou Jwif yo. Ki lwa ki di sa? Lalwa ki egzije zèv yo? Non, se lalwa ki mande pou n gen lafwa a.


Si Bondye te deklare Abraram jis sou baz sa l te fè, li ta gen rezon fè lwanj pou pwòp tèt li! Men li pa ka vante tèt li devan Bondye.


Konsa, jan sa te ekri nan Bib la: “Si yon moun vle chante lwanj, se pou l chante lwanj pou Senyè a.”


Ki sa k fè w panse w siperyè a lòt moun? Ki sa w genyen se pa ba ou yo te ba ou l? Nan ka sa a, poukisa w ap frape lestomak kòmsi se pa t ba ou yo te ba ou l?


Pa vante tèt nou! Nou konnen deja: “Yon ti kras leven fè tout pat la leve.”


Se pa anyen nou te fè pou sa. Konsa, pèsonn pa ka bat lestomak li pou fè chèlbè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite