Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Jan 5:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Paske, men kisa sa vle di renmen Bondye: se obeyi kòmandman li yo, epi kòmandman li yo pa twò difisil.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske se sa ki lamou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 5:3
26 Referans Kwoze  

Si nou renmen m, n ap fè sa m di nou fè.


Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li.


Lanmou vle di viv dapre lòd Bondye pase nou. Menm jan nou te tande kòmandman sa a, depi nan kòmansman an, se pou nou viv nan lanmou.


Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li.


M dakò ak Lalwa Bondye a nan lespri m.


Nou se zanmi m si nou fè sa m mande nou fè.


SENYÈ a ajoute: Men nouvo pwomès mwen pral fè pèp Izrayèl la, nan jou ki pa twò lwen yo. M ap enskri prensip mwen yo nan lespri yo, m ap ekri lwa mwen yo sou kè yo. Se mwen menm k ap Bondye yo, epi yo menm, yo va tounen yon pèp ki rele m chèmèt chèmètrès.


Alò, Lalwa se yon bagay ki sen. Kòmannman an, li sen epi li bon.


Yo fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo, epi yo menm, yo p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite