Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Jan 3:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Konsa, n ap sèten nou se moun ki nan verite a epi devan Bondye, n ap gen konsyans nou klè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Se konsa n'a konnen nou se moun laverite. Se konsa n'a santi nou san kè sote devan Bondye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:

Gade chapit la Kopi




1 Jan 3:19
15 Referans Kwoze  

Tout moun va konnen nou se disip mwen, si nou youn renmen lòt.”


Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?” Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.


Abraram te sèten Bondye gen puisans pou l fè sa l te pwomèt.


Wi, mwen sèten, anyen p ap ka separe nou ak lanmou Bondye: kit se lanmò, kit se lavi, kit se anj yo oubyen espri yo k ap gouvène an lè a, kit se move lespri yo, kit se bagay k ap pase kounye a, kit se bagay ki va vini, kit se sa yo ki gen pouvwa, kit se fòs ki soti anwo nan syèl, kit se fòs ki soti anba sou latè, kit se nenpòt bagay nan kreyasyon an, pa gen anyen ki ka separe nou ak lanmou Bondye montre nou nan Jezikris, Senyè nou an.


Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a.


Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la.


Tout gwo zotobre nou sot site la yo, yo te viv pa lafwa jouktan yo mouri. Gen ladan yo ki pa t gentan jwi sa Bondye te pwomèt pèp li a. Men yo te kontan menm lè yo t ap admire pwomès sa yo de lwen. Yo te rekonèt se etranje ak vwayajè yo ye sou latè.


Si nou di nou inosan pou sa ki gen pou wè ak peche, n ap twonpe tèt nou epi nou rejte verite a.


Si m ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konnen verite a, se paske nou konnen li; nou konnen tou pyès manti pa ka soti nan verite a.


Nou konnen nou kite lanmò pou nou antre nan lavi, paske nou renmen frè ak sè nou yo. Men moun ki pa genyen lanmou, li rete nan lanmò.


Menm lè kè nou ta kondane nou, n ap toujou an pè avèk Bondye, paske Bondye pi gran pase kè nou. Li konnen tout bagay.


Byeneme m yo, si kè nou pa kondane nou, nou kapab gen asirans devan Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite