Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Jan 3:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Nou konnen nou kite lanmò pou nou antre nan lavi, paske nou renmen frè ak sè nou yo. Men moun ki pa genyen lanmou, li rete nan lanmò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Nou menm, nou konnen nou sòti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l, li mouri.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 3:14
31 Referans Kwoze  

Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou te fè l.


Paske pitit gason m nan te mouri, kounye a li resisite. Li te pèdi, kounye a nou rejwenn ni. Epi yo kòmanse fete.


Men li te nesesè jodi a pou nou fete, pou nou rejwi, paske frè w la te mouri, li resisite; li te pèdi, nou rejwenn ni.”


Paske li renmen nasyon nou an epi li te peye lajan l pou fè bati yon sinagòg pou nou.


Tout moun va konnen nou se disip mwen, si nou youn renmen lòt.”


Men kòmandman mwen: Se pou nou renmen youn lòt, menm jan m renmen nou.


Sa mwen pase nou lòd pou n fè se pou nou renmen youn lòt.


Sa m sot di nou la a, se vre. Ban m di nou yon lòt bagay ankò, nenpòt moun ki tande sa mwen di epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li genyen lavi etènèl. Moun sa a p ap tonbe anba jijman ankò. Li fini ak lanmò, se viv l ap viv kounye a.


Nou konnen kò nou, tankou yon tant kote n ap viv sou latè, li gen pou l detwi. Men lè sa rive, Bondye gen yon kay k ap tann nou nan syèl la. Se pa menm kalite kay ak sa lèzòm bati isit sou latè. Se yon kay ki nan syèl la, k ap dire pou tout tan.


Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa,


Se sa k fè, lè m tande renome lafwa nou genyen nan Senyè Jezi ak lanmou nou pou tout pèp Bondye a,


Te gen yon lè, nou te mouri espirityèlman poutèt peche nou yo epi bagay nou fè ki mal kont Bondye.


Nou te mouri espirityèlman poutèt tout sa nou te fè ki mal kont Bondye. Men, Bondye ban nou lavi ansanm ak Kris la. Se grenmesi gras Bondye ki fè nou sove.


Nou di l mèsi paske nou tande pale de lafwa nou genyen nan Jezi ak lanmou nou genyen pou tout moun ki moun pa Bondye yo.


Nan sa ki konsène lanmou youn pou lòt nan fanmi Bondye a, ou pa menm bezwen pou nou ekri ou sou sa. Bondye gen tan montre n kijan pou ou renmen youn lòt deja.


Se pou nou kontinye renmen youn lòt tankou frè ak sè.


Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou.


Pou fin i, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj.


mete jantiyès pou frè ak sè an Kris yo sou devouman nou pou Bondye; epi mete lanmou sou jantiyès nou pou frè ak sè an Kris yo.


Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li.


Men sa Bondye bay lòd pou n fè: Se pou n kwè nan Pitit li a, Jezikris, epi se pou n renmen youn lòt, jan Kris la ban nou lòd pou n fè sa.


Pèsonn pa janm wè Bondye, men si nou renmen youn lòt, Bondye ap viv nan nou epi lanmou vin konplèt nèt nan nou.


Mwen ekri nou tout bagay sa yo, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a, pou nou kapab konnen nou genyen lavi etènèl.


Kòman nou kapab konnen nou renmen pitit Bondye yo? Se lè nou renmen Bondye epi lè nou obeyi kòmandman li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite