Zakari 2:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen10 Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a. Gade chapit la1998 Haïtienne10 Senyè a di ankò: — Nou menm moun lavil Jerizalèm, chante! Fè kè nou kontan! Men m'ap vini pou m rete nan mitan nou! Se mwen menm, Senyè a, ki di sa! Gade chapit la |
vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.