Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Zakari 11:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Rele anmwey, O pye siprè a, paske bwa sèd la fin tonbe, akoz bèl ab plen ak glwa yo fin detwi. Rele anmwey, O bwadchenn a Basan yo, paske gran forè a fin tonbe.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Nou menm, pye sikren yo, plenn sò nou! Paske pye sèd la tonbe. Gwo pyebwa yo fini! Nou menm, pye bwadchenn peyi Bazan yo, rele, plenn sò nou! Paske gwo rak plen bwa a kraze!

Gade chapit la Kopi




Zakari 11:2
12 Referans Kwoze  

“Fis a lòm, mete figi ou vè Théman. Pale fò kont tout sid la, e pwofetize kont peyi forè nan Negev la.


Ak chèn a Basan, yo te fè zaviwon ou yo. Ak ban ivwa, yo te koupe fè tras sou bwa siprè ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.


Yo menm tou te desann avè l nan sejou mò yo akote sila ki te touye pa nepe yo. Epi sila ki te fòs li yo, te rete anba lonbraj li pami nasyon yo.


Malè a sila ki alèz nan Sion yo, e ak sila ki santi yo ansekirite nan mòn Samarie yo, mesye ki distenge pami meyè nan nasyon yo, a sila lakay Israël konn vini yo.


Ouvri pòt ou yo, O Liban, pou dife ka devore bwa sèd ou yo.


Men yon vwa kriye lamantasyon a bèje yo! Paske glwa gran fore yo fin detwi; yon vwa jenn lyon k ap gwonde a! Paske ògèy Jourdain nan fin kraze nèt.


Paske si yo fè bagay sa yo avèk bwa ki vèt, kisa k ap rive lè l sèch.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite