Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 9:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Antan li sou wout la, toupre Damas, li rete konsa, yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote li te ye a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Pandan Sòl te sou wout la, li te prèske rive Damas, lè yon gwo limyè soti nan syèl la flache Sòl.

Gade chapit la Kopi




Travay 9:3
10 Referans Kwoze  

Epi an dènye, tankou youn pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, Li te parèt a mwen menm tou.


“Men li te rive ke lè m te nan wout, e t ap pwoche Damas nan anviwon midi, sibitman yon limyè briyan te klere sòti nan syèl la, tou antoure mwen.


Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.


Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.


Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”


Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto. Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.


Men Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus.


Èske mwen pa lib? Èske mwen pa yon apòt? Èske mwen pa wè Jésus, Senyè nou an? Èske nou se pa zèv mwen nan Senyè a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite