Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 8:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Simon li menm te kwè tou. Apre l fin batize, li te rete ansanm ak Filip tout kote Filip pase. Lè Simon te wè tout bèl bagay ak gwo mirak Filip t ap fè yo, li te sezi.

Gade chapit la Kopi




Travay 8:13
16 Referans Kwoze  

“Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l.


Yo t ap batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.


Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf;


“Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.


Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone.


Jésus te reponn yo e te di: “Mwen te fè yon sèl zèv, e nou tout etone.


Nan pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.


Bondye t ap fè mirak ekstrawòdinè pa men Paul


Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.


Ou pa gen ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite