Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 5:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Anvan ou te vann jaden an, se jaden w li te ye. Menm lè ou fin vann li, ou te ka fè sa ou vle ak kòb la. Ki jan ou fè kite yon bagay kon sa monte nan tèt ou pou ou fè? Se pa yon moun non ou bay manti, men se Bondye.”

Gade chapit la Kopi




Travay 5:4
26 Referans Kwoze  

Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt.


Anplis, nan gran lajwa mwen pou lakay Bondye mwen an, trezò pèsonèl ke mwen gen an lò avèk ajan, mwen bay li a lakay Bondye mwen an; anplis de sou sa ke m te founi deja pou sen tanp lan,


Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.


Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.”


“Sila ki koute nou an, koute Mwen; e sila ki rejte nou an, rejte Mwen. E sila ki rejte Mwen an, rejte Sila a ki voye Mwen an.”


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Li va rive nan jou sa a, ke kèk panse va vin antre nan lespri ou e ou va anvizaje yon move plan.


Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati, ni ki fè plent ak entegrite. Yo mete konfyans nan vanite, e yo pale manti. Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.


Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen, Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.


Gade byen, l ap lite nan mechanste. Wi, li plante jèm mechanste a, epi li vin bay nesans a tout sa ki fo.


Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.


Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.


lò pou bagay an lò e ajan pou bagay an ajan, sa vle di, pou tout lèv ki fèt pa mèt ouvriye yo. Pou sa, se kilès k ap konsakre li nan jou sa a SENYÈ a?”


SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo.


Izrayelit yo, tout mesye yo ni fanm ki te gen yon kè ki mennen yo pote nenpòt materyo pou èv, ke SENYÈ a pa Moïse te kòmande yo fè a, te pote yon ofrann bon volonte bay SENYÈ a.


Moïse te di: “Sa va vin rive lè SENYÈ a bannou vyann pou nou manje nan aswè, ak pen jiskaske nou vin satisfè nan maten. Paske SENYÈ a tande plent ke nou fè kont Li. Epi kisa nou ye? Plent nou yo pa kont nou, men kont SENYÈ a.”


Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.


Men san pèmisyon ou, mwen pa t vle fè anyen, pou bonte ou pa ta, anfèt “pa lafòs”, men m ta pito akoz bòn volonte pa ou.


Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje.


Yo plante mal la, e yo rekòlte inikite; epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”


Pou sa, ou menm avèk tout konpanyen ou yo vin rasanble ansanm kont SENYÈ a! Men pou Aaron, kilès li ye pou nou vin plenyen kont li?”


Li pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite