Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 5:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Lè yo te tande sa, yo te antre nan tanp lan granmmaten, e yo te kòmanse enstwi. Men lèwo prèt la te vini, ansanm ak sila ki te avèk li yo, yo te reyini yon gran konsèy avèk tout ansyen Israël yo. Konsa yo te voye kote prizon an pou fè yo vini.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Apòt yo obeyi zanj lan: Nan granmaten, y'al nan tanp lan epi yo tanmen moutre pèp la anpil bagay. Granprèt la ansanm ak patizan l yo sanble tout chèf fanmi nan pèp Izrayèl la, yo reyini Gran Konsèy la. Apre sa, yo voye chache apòt yo nan prizon an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Tande apot yo fin tande sa, yo te fè sa yo te tande a. Depi byen bonè nan maten, apot yo te gentan rive nan Tanp lan epi yo t ap anseye pèp la. Pi gran sakrifikatè a ansanm ak patizan l yo te konvoke yon reyinyon pou Gran Konsèy la ansanm ak lidè ki pi ansyen yo. Yo voye chache apot nan prizon an mennen bay yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 5:21
16 Referans Kwoze  

pou mete prens li yo nan prizon lè l te pito, pou l te kab enstwi ansyen sa yo sajès.


Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.


Lè li te fè jou, Konsèy Ansyen a pèp la te reyini, ni chèf prèt avèk skrib yo. Yo te mennen Li nan chanm konsèy la, e t ap di:


Pilate te reponn: “Èske mwen menm se yon Jwif? Pwòp nasyon pa W te livre Ou ban mwen. Kisa Ou fè?”


Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Li te chita, pou kòmanse enstwi yo.


Paske ou va yon temwen pou Li a tout moun de sila ou wè ak tande yo.


kòm osi wo prèt la ak tout konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini.


Men wo prèt la te vin leve, ak tout sila ki te avèk li yo (sa vle di Sadiseyen yo), e yo te jalou anpil.


Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan konsèy la pou wo prèt la kesyone yo.


Alò, yon nonm nan konsèy la ke yo te rele Gamaliel te kanpe, yon pwofesè nan Lalwa ki te gen bon repitasyon pami tout pèp. Li te mande yo mete apot yo deyò pou yon moman.


Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite