Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 5:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te mete l nan pye apòt yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi l'al renmèt apòt yo rès la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Men, li menm ak madanm li deside sere yon pati nan kòb la, epi li pote rès la bay apot yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 5:2
16 Referans Kwoze  

te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.


Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt.


Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje sa ke yo mete ladann.


“Men yo fè tout zak pa yo pou moun kapab wè. Yo agrandi filaktè pa yo (ti bwat ki pote woulo avèk Ekriti Sen yo ekri ladann) e fè ganiti (alonj ki fèt ak kòd) arebò vètman yo vin pi long.


“Men malè pou sila k ap twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li, men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon bèt ki gen defo. Paske Mwen se yon gwo Wa,” pale SENYÈ Dèzame yo, “e non Mwen etonnan pami nasyon yo.”


Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.


Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm.


Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm:


Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon moso tè.


Pierre te di li: “Di m si ou te vann tè a pou yon pri konsa?” Li te di: “Wi, pou yon pri konsa”.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite