Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 4:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Men, yo pat jwenn anyen pou reponn yo paske nonm ki te geri a te kanpe la devan je yo bò kote Pyè ak Jan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Lidè Jwif yo pa t jwenn anyen pou reponn Pyè ak Jan sou sa yo te di yo, paske yo te wè nonm ki te geri a kanpe la, bò kote yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 4:14
7 Referans Kwoze  

Alò akoz ke bagay sa yo pa kapab demanti, nou ta dwe rete kalm e pa fè anyen ki pa saj.


kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante.


Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.


Men lè yo fin mande yo kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm.


Yo te di: “Alò kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vrè.


Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap bay Bondye glwa pou sa ki te rive a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite