Travay 27:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen41 Men yo te vin frape a yon resif kote de lanmè te rankontre, yo te kouri echwe batimán an; pwent avan bato a te kole rèd, e pa t kapab deplase, men dèyè a te kòmanse kraze an moso akoz gwo vag lanmè a. Gade chapit la1998 Haïtienne41 Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil41 Men devan bato a al antre nan yon ban sab, yo pa t kapab soti, epi vag lanmè a te vin vyolan, li kraze dèyè bato a. Gade chapit la |