Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 27:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Men pandan mesye lanmè yo t ap eseye chape kite bato a, yo te deja lonje desann ti kannòt bato a nan lanmè a, sou pretèks ke yo t ap lonje lank pa devan yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Maren yo menm t'ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo ta pral mare kèk lank devan batiman an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

30 Kèk nan maren yo te vle kite bato a. Yo desann kannòt la nan dlo a. Yo t ap fè sa pou fè moun kwè se lòt lank yo t ap jete nan devan bato a.

Gade chapit la Kopi




Travay 27:30
5 Referans Kwoze  

Pandan nou t ap kouri anba pwoteksyon a yon ti lil ke yo rele Clauda, nou te prèske pa t kab mete bato a anba kontwòl.


Men lè katòzyèm nwit lan te vin rive, pandan van a t ap pouse vire nou nan Lanmè Adriatique la, anviwon minwi, yo te kòmanse vin konprann ke yo t ap pwoche vè yon tè.


Nan pè pou nou ta kouri atè yon kote sou wòch, yo voye kat lank pa dèyè bato yo e te espere pou jounen an vin rive.


Paul te di santenye a ak sòlda yo: “Si moun sa yo pa rete nan bato a, nou menm nou p ap kab sove.”


Alò, sòlda yo te koupe kòd a kannòt bato a, e te kite l tonbe lib.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite