Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 26:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan lang Ebre a: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Nou tout sot tonbe atè. Lè sa a, mwen tande yon vwa ki di m nan lang Ebre: Sòl, Sòl, pou kisa ou ap pèsekite m? Se tèt ou w ap fè mal lè w ap batay avè m konsa.

Gade chapit la Kopi




Travay 26:14
11 Referans Kwoze  

Bon konprann pwodwi favè; men chemen moun ki pa fidèl la di.


“Gade byen, Mwen ap fè Jérusalem vin yon tas ki va fè tout pèp ki antoure l yo, vin toudi. Epi nan lè syèj la kont Jérusalem nan, li va vin osi, kont Juda.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li.


Lè l te bay permisyon, Paul, te vin kanpe sou eskalye a. Li te fè sinyal a foul la avèk men l. Lè te vin gen yon gwo silans, li te pale avèk yo nan lang Ebre, e te di,


Epi lè yo te tande ke li t ap pale avèk yo an Ebre, yo te vin kalme plis; e li te di:


Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo.


“Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’ “E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.


Mesye ki te vwayaje avè l yo te kanpe san di anyen. Yo te tande vwa a, men yo pa t wè pèsòn.


Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite