Travay 20:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy. Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri. Gade chapit la1998 Haïtienne9 Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesay Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l epi l dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li sòti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l, li te mouri frèt. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil9 Yon jenn gason yo te rele Etikis te chita arebò fenèt la. Kòm mesaj Pòl la te long anpil, Etikis pran kabicha. Finalman, pandan Etikis nan yon pwofon somèy, li sot nan twazyèm etaj kay la, li tonbe anba. Lè moun yo kouri vini pou ede l leve, yo jwenn li mouri frèt. Gade chapit la |