Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 2:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Sibitman, te sòti nan syèl la yon bwi tankou yon van vyolan k ap kouri, e li te ranpli tout kay kote yo te chita a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Sanzatann konsa, yon gwo bri soti nan syèl la, tankou yon gwo van k ap soufle ak raj, epi li ranpli tout kay kote yo te chita a.

Gade chapit la Kopi




Travay 2:2
14 Referans Kwoze  

Pou sa, Li te di: “Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.” Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a.


Li te monte sou yon cheriben, e te vole; Li te vole sou zèl a van yo.


Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid! Fè jaden mwen respire ak souf bon odè; kite epis li yo vante gaye toupatou. Ke cheri mwen an vin nan jaden li an pou manje tout fwi chwa li yo.


Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.


“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:


Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”


Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak.


Konsa, lè bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo.


Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.


Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite