Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 17:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Konsa, Paul te kanpe nan mitan Aréopage la, e te di: “Mesye Athènes yo, mwen wè ke nou se moun ki renmen adore nan tout sans.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan Ayewopaj la, li di: — Nou menm moun Atèn, mwen konstate tout jan kouman nou fanatik relijyon anpil anpil.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan yo nan Areyopaj la, li di: “Nou menm moun Atèn, lè m voye je gade, m reyalize nou se moun ki relijye anpil.

Gade chapit la Kopi




Travay 17:22
8 Referans Kwoze  

Yon sechrès sou dlo li yo, e yo va vin sèch nèt! Paske se yon peyi imaj taye, e yo fou pou zidòl sa yo.


Alò, sila ki t ap gide Paul yo te mennen li jiska Athènes. Yo te kite li la, epi lè yo fin resevwa lòd pou fè Silas ak Timothée vin kote l pi vit ke posib, yo te ale.


Pandan Paul t ap tann yo nan Athènes, lespri li te pwovoke anndan l akoz li te wè ke vil la te ranpli nèt avèk zidòl.


Konsa, yo te pran li e te mennen li nan Aréopage la. Yo te di l: “Èske ou kapab eksplike nou nouvo ansèyman sila a, ke w ap pwoklame a.


Men kèk moun te vin jwenn li e te kwè. Pami sila yo te gen osi Denys, moun Aréopage la, yon fanm ki te rele Damaris, e kèk lòt avèk yo.


Apre li te fin kalme foul la, sekretè vil la te di: “Mesye Éphèse yo, se ki moun pami nou ki pa konnen, lavil Éphèse se gadyen tanp a gran Artimis la, imaj a sila ki te tonbe sòti nan syèl la?


Yo te senpleman gen kèk pwen malantandi sou relijyon pa yo, ak sou yon sèten mesye mouri, Jésus, ke Paul te pwoklame toujou vivan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite