Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 15:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Li te vwayaje travèse Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi. Sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Yo vwayaje nan tout peyi Siri ak Silisi, yo t ap ede legliz yo vin pi solid.

Gade chapit la Kopi




Travay 15:41
8 Referans Kwoze  

Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.


Yo te voye lèt sa a avèk yo: “Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.


Jude ak Silas, ki te pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long.


Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.


Lè nou te vin wè Chip, kite l agoch, e te kontinye kouri bato pou Syrie, e te rive nan Tyr, paske se la bato a te gen pou debake chaj li.


Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne.


Konsa mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite