Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 14:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 li te di avèk yon vwa fò: “Kanpe dwat sou pye ou!” Konsa, li te vòltije kanpe, e te kòmanse mache.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Pòl pale byen fò, li di: — Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Konsa, Pòl pale byen fò, li di nonm nan: Leve, kanpe dwat sou de pye w. Nonm nan fè sa l leve kanpe, epi l kòmanse mache nòmal.

Gade chapit la Kopi




Travay 14:10
8 Referans Kwoze  

Moun bwate yo va vòltije tankou sèf, e lang bèbè a va rele ak gwo jwa. Paske dlo va pete nan tè sèch yo, ak vwa dlo yo nan dezè a.


Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!”


“Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen fè yo, li menm va fè yo tou, e pi gwo zèv pase sa yo l ap fè. Paske Mwen ap ale kote Papa a.


Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite