Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 12:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Nan jou apwente a, Hérode te mete sou li tout rad wayal yo. Li te pran chèz li sou twòn nan, e te kòmanse livre yon diskou piblik a yo menm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Lè jou yo te fikse a rive, Ewòd abiye l ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fòtèy li a, epi l fè yon diskou ba yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Lè jou Ewòd te deside pou l rankontre yo a te rive, Ewòd abiye ak bèl kostim wayal li, li chita sou twòn li epi li fè yon diskou devan yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 12:21
10 Referans Kwoze  

Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita chak sou pwòp twòn pa yo, abiye an wòb pa yo nan pòtay pou antre Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo.


Bri laperèz sone nan zòrèy li. Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.


Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy; men imilite ale devan onè.


Pou sa, Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole; epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a, ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.


Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’. Non sèlman malfektè yo vin leve wo, men yo menm tante Bondye, e yo chape.’”


Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”


Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.


Konsa, pèp la t ap kriye: “Se vwa a yon dye, pa a yon moun!”


Apre senk jou wo prèt la Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a.


Konsa, nan pwochen jou a, lè Agrippa te parèt ansanm avèk Bérnéice, pami gwo zafè, li te antre nan sal odyans lan, akonpanye ak kòmandan yo ak lòm pi enpòtan nan vil yo, epi sou kòmand Festus, Paul te mennen antre.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite