Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 11:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 “Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Kònèy rakonte nou ki jan l te wè yon zanj Bondye kanpe nan mitan lakay li. Zanj lan di li: Voye yon moun lavil Jope al rele Simon (ki gen yon ti non Pyè).

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Kònèy menm rakonte nou kijan l te wè yon anj kanpe devan l anndan lakay li. Zanj lan di l: Voye kèk moun ale Jope al chache Simon, sila a yo rele Pyè a.

Gade chapit la Kopi




Travay 11:13
11 Referans Kwoze  

Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”


“Lespri a te di m ale avèk yo san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.


Li va pale nou pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk tout lakay nou.’


Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”


Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan.


Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!


Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eanpil moun te kwè nan Senyè a.


Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon bòs tanè ke yo rele Simon.


Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite