Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 1:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Lè sa a, moun ki te reyini bò kote Jezi yo pran mande li: — Mèt, eske se kounyeya ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l ankò?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Tout apot yo te reyini ansanm, yo t ap poze Jezi kesyon. Yo mande li: “Mèt, èske se kounye a ou pral mete wayòm Izrayèl la sou pye l ankò?”

Gade chapit la Kopi




Travay 1:6
23 Referans Kwoze  

Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.


Mwen va restore jij nou yo tankou nan kòmansman an ak konseye yo jan lè nou te fenk kòmanse a. Apre sa, yo va rele nou vil ladwati, yon vil ki fidèl.


alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo chèf sou desandan a Abraham, Issac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’”


Epi wayòm a dominasyon an, ak grandè a tout wayòm yo anba tout syèl la va vin livre a pèp a sen a Pi Wo yo. Wayòm Li an, yon wayòm k ap dire jis pou tout tan e tout dominasyon yo va sèvi e obeyi Li.’


Paske, fis Israël yo va rete pandan anpil jou san wa ni prens, san sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo.


Nan jou sa a, Mwen va fè leve Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo;


Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.


Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.


Li te reponn yo: “Elie ap vini e l ap restore tout bagay.


Li te di L: “Kisa ou vle?” Li te di L: “Pase lòd pou nan Wayòm ou an, de fis mwen yo kapab chita youn sou bò dwat Ou ak youn sou bò goch Ou.”


Pandan Li t ap chita sou Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”


Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?


Alò, lè L te kesyone pa Farizyen yo sou kilè wayòm a Bondye a t ap vini, Li te reponn yo e te di: “Wayòm syèl la p ap vini avèk sign ak mirak pou nou kab wè;


Pandan yo t ap koute bagay sa yo, Li te kontinye bay yon parabòl, akoz ke Li te toupre Jérusalem, e yo te sipoze ke wayòm a Bondye a t ap parèt imedyatman.


Epi menm jan an ke Papa M ban Mwen yon wayòm, Mwen bannou li,


Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite