Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 1:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 “Donk, li nesesè ke pami moun ki akonpanye nou tout tan ke Senyè Jésus te antre sòti pami nou yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21-22 — Se poutèt sa, nou bezwen yon lòt moun ansanm ak nou pou sèvi temwen Senyè Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. Moun sa a, fòk se yonn nan moun ki te toujou la avèk nou tout tan Senyè Jezi t'ap mache avèk nou nan tout peyi a, depi lè Jan te batize l la jouk jou li te kite nou an pou l moute nan syèl la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Se poutèt sa, li nesesè pou nou jwenn yon lòt moun ki te la tout tan Senyè Jezi t ap monte desann ansanm ak nou nan tout peyi a.

Gade chapit la Kopi




Travay 1:21
9 Referans Kwoze  

E nou va fè temwayaj tou, paske nou te avèk Mwen depi nan kòmansman.”


Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’”


Li te di yo: “Mwen gen san-ventan daj jodi a. Mwen p ap ka ankò fè antre soti. SENYÈ a te di mwen: ‘Ou p ap travèse Jourdain sila a.’


ki va sòti e antre devan yo, ki va mennen yo deyò, e rale yo antre, pou kongregasyon SENYÈ a pa devni tankou yon mouton ki san bèje.”


Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti.


jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki depi nan kòmansman an te wè avèk pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo.


men lè yo te antre, yo pa t twouve kò a Senyè Jésus a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite