Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Tit 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, ni nan chache konnen non gran granparan moun, ni nan chache kont, ni nan goumen pou lalwa Moyiz la. Bagay sa yo pa sèvi anyen, yo pa vo anyen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Men, kanpe lwen tout moun k ap fè vye diskisyon ki pa gen sans, moun k ap fè lis zansèt pou pwouve sa y ap di. Kanpe lwen tout moun k ap simen latwoublay oubyen k ap fè diskisyon sou zafè ki konsènen Lalwa Moyiz la. Diskisyon sa yo pas itil anyen, yo p ap ede pèsòn.

Gade chapit la Kopi




Tit 3:9
10 Referans Kwoze  

Èske li ta diskite ak pale initil, oswa ak pawòl ki pa gen valè?


Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.


Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann.


Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo. Sou lòt kote, disipline tèt ou pou vi sentete a.


Fè yo sonje bagay sa yo, eanchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo.


Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.


Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.


pa nan prete atansyon a vye istwa Jwif yo, ak kòmandman a lèzòm ki vire kite verite a.


Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite