Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Tit 3:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun,

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Men, lè Bondye, Sovè nou an, te fè parèt aklè pou nou bonte l ak lanmou l pou tout moun,

Gade chapit la Kopi




Tit 3:4
12 Referans Kwoze  

Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse esperans nou sou Bondye vivan an, ki se Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.


Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.


Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans?


Men nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a Bondye a, Sovè nou an,


men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la.


Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an,


Paul, yon apot a Kris Jésus selon kòmandman Bondye a, Sovè nou an, e a Kris Jésus ki se esperans nou.


Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.


si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite