Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 99:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Egzalte SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan mon sen Li an, paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Lwanj pou Senyè a, Bondye nou an! Adore l sou mòn ki apa pou li a! Paske, Senyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.

Gade chapit la Kopi




Sòm 99:9
15 Referans Kwoze  

Paske Toupwisan an te fè gwo bagay pou mwen. Non Li sen.


Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.


Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman e Bondye sen an va montre sentete Li nan ladwati.


Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”


Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an.


Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a. Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm, ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.


Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon.


Youn te rele a yon lòt epi te di: “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; tout latè plen ak glwa Li.”


Leve wo SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan machpye twòn Li an. Se sen ke Li ye.


Kite yo louwe non Ou ki gran e mèvèye; Se sen ke Li ye.


“A zanj legliz nan Philadelphie a, ekri: Sila ki sen an, ki vrè a, ki gen kle David la, k ap louvri pou pèsòn p ap ka fèmen l, e ki fèmen pou pèsòn p ap ka louvri a, di konsa:


Annou antre nan abitasyon Li a. Annou fè adorasyon kote machpye twòn Li an ye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite