2 SENYÈ a gran nan Sion. Li leve wo anwo tout pèp yo.
2 Senyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo.
SENYÈ a wo, anwo tout nasyon yo! Glwa Li pi wo syèl yo!
Li fè soumèt pèp yo anba nou, ak nasyon yo anba pye nou.
Bondye regne sou nasyon yo. Bondye chita sou twòn wayal Li a.
Soti nan Sion, bèlte pafè a, Bondye fè limyè Li parèt.
Li renye ak pwisans pou tout tan. Zye Li veye sou nasyon yo. Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.
Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè. Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.
Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”
Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.
Li pa t wè malè nan Jacob, ni Li pa t wè twoub nan Israël. SENYÈ a, Bondye li a avè l, epi gran vwa a yon wa pami yo.