Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 96:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Chante a SENYÈ a! Beni non Li! Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Chante pou Senyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 96:2
16 Referans Kwoze  

Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.” Epi tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te bese ba devan SENYÈ a e ak wa a.


Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo, pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li, ki obeyisan a vwa pawòl Li!


Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.


Tout zèv Ou yo va di Ou: “Mèsi O SENYÈ,” e fidèl Ou yo va beni Ou.


Chak jou, mwen va beni Ou e mwen va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.


Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m. Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou. Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk verite Ou devan gran asanble a.


Bouch mwen va pale ladwati Ou, ak sali Ou tout lajounen, menmsi mwen pa kab fin konnen fòs valè tout jou sa yo.


Mete ou menm sou yon mòn ki wo, O Sion, ki pote bòn nouvèl. Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa, O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la! Leve wo! Pa pè anyen! Di a vil Juda yo: Men Bondye nou an!


Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an.


“Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye.


Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.


Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite